Fòmasyon sa a nan enfòmatik biwotik pèmèt ou metrize fonksyon esansyèl yon òdinatè ak zouti travay ki pi itilize yo : Word, Excel, PowerPoint, QuickBooks ak itilizasyon IA nan travay biwo. Atravè egzèsis pratik, patisipan yo aprann jere fichye yo, ekri dokiman, fè tablo e kreye prezantasyon, pandan y ap sèvi ak entènèt ak imèl.
Objektif
- Abitye ak òdinatè a ak anviwònman travay li.
- Òganize fichye ak dosye ou yo.
- Kreye epi mete dokiman an fòm ak Word.
- Fè tablo ak kalkil senp ak Excel.
- Kreye prezantasyon ak PowerPoint.
- Fè rechèch sou entènèt epi sèvi ak imèl.
- Adopte bon abitid sekirite ak sovgad.
Konpetans pou devlope
- Nan fen fòmasyon an, patisipan yo ap kapab :
- Sèvi ak fonksyon kouran yon òdinatè.
- Anrejistre, klase epi jwenn fichye.
- Ekri, mete an paj epi enprime yon dokiman pwofesyonèl.
- Sèvi ak fòmil senp epi kreye grafik nan Excel.
- Striktire epi prezante yon dyaporama ki klè.
- Voye ak resevwa imèl ak dokiman atache.
- Chèche enfòmasyon ki itil sou entènèt.
- Pwoteje done yo epi sovgade travay yo.
- Sèvi ak IA pou travay biwo.
Modil
- Sistèm operasyon, entènèt ak entèlijans atifisyèl
- Word
- Excel
- PowerPoint ak QuickBooks
Sa ou bezwen konnen anvan
Kondisyon pou enskri nan Zayan Computer :
• Bay yon kopi yon pyès idantite.
• Remèt de foto idantite.
• Peye frè enskripsyon 2 000 goud.
• Montre motivasyon ak volonte pou aprann.
• Angaje w pou swiv kou yo regilyèman epi patisipe aktivman nan egzèsis pratik yo.
Nouvo gwoup
- Gwoup B35 — kòmanse 29/11/2026
2:00 PM – 5:00 PM — ibrid : nan sal ak sou entènèt